Kesyon Moun Poze Souvan

Kisa yon PCP ye?

Lèt PCP yo reprezante Primary Care Provider (Founisè Swen Prensipal).  PCP a se yon doktè oswa enfimyè ou chwazi pou tout swen sante regilye ou.  PCP ou ap fè aranjman pou w al kay yon espesyalis, fè tès nan laboratwa oswa ale lopital, si w bezwen sa tou.

Èske tout moun nan fanmi mwen dwe gen menm PCP a?

Chak moun nan fanmi a ka gen yon diferan PCP.  Sinon, ou ka chwazi yon PCP pou tout fanmi an.

Èske m ap pèdi benefis mwen yo si m antre nan yon plan?

Non, ou p ap pèdi benefis Medicaid ou yo.  W ap resevwa benefis sante Medicaid ou yo nan plan sante a.

Èske tout fanmi mwen oblije antre nan menm plan an?

Chak manm nan fanmi w ka antre nan yon plan diferan oswa nou ka chwazi yon plan pou tout fanmi an.

Poukisa m pa ka chanje plan?

Peryòd gras ou a te fini. Se sa ki fè ou dwe rete nan plan an pandan nèf mwa k ap vini yo.  Si w gen yon rezon ijan pou kite plan an, pale ak yon konseye New York Medicaid Choice pou ede w.

Kijan pou m fè pou mande yon egzanpsyon?

Rele New York Medicaid Choice epi mande yon fòm aplikasyon pou yon egzanpsyon.  Pote fòm aplikasyon an bay doktè w, si sa nesesè.  Swiv sa yo di w pou fè nan fòm aplikasyon nan.

Kisa yon peryòd gras 90 jou ye?

Apre w fin antre nan yon plan, ou gen 90 jou pou deside si w vle rete nan plan an oswa chanje plan.  Apre 90 jou sa yo fin pase, ou dwe rete nan plan ou an pandan nèf mwa k ap vini yo.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.