MLTC Medicaid Plan

Lè ou enskri nan yon MLTC Medicaid Plan, ou p ap bezwen chanje doktè oswa fason ou resevwa sèvis swen sante ou yo. Paske ou se yon manm, w ap kapab kontinye ale kay doktè Medicare oswa Medicare Advantage ou yo ak lòt kote ou ofri sèvis plan ou a pa garanti.

Sèvis Plan An

Plan ou a ap garanti tout swen lakay Medicaid ak lòt sèvis swen alontèm. Pi ba a se yon lis sèvis sa yo.

  • Sèvis sante lakay ou (Enfimyè, Asistan Swen Lakay, Espesyalis Nan Tretman ak Egzèsis)
  • Swen Pèsonèl (Ede ou benyen, abiye ak al fè makèt)
  • Swen Lajounen Pou Adilt
  • Swen Sosyal Pandan Lajounen
  • Swen Nan Mezon Retrèt
  • Sante Espesyalite (Zòrèy, Dan, Zye, Pye, Tretman ak Egzèsis)
  • Lòt Sèvis (Repa livre lakay ou, repons pou ijans pèsonèl, transpò nan randevou medikal)

Jan Pou Enskri

Rele New York Medicaid Choice pou enskri nan yon MLTC Medicaid Plan pa telefòn oswa TTY.

Konseye yo ap mande ou si ou vle antre nan yon plan ki mache ak ajans swen lakay la oswa lòt pwofesyonèl swen sante k ap ba ou swen kounye a. Fè yon lis doktè ak lòt kote ou resevwa swen yo nan men ou lè ou rele.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.