PACE

Lè ou antre nan PACE, w ap genyen yon ekip doktè, enfimyè, travayè sosyal ak lòt moun pou ede ou regle zafè sante ou. Ale kote doktè swen prensipal pou epi resevwa lòt sèvis nan sant lajounen pou adilt la. Ou kapab ale nan sant la pou patisipe nan aktivite sosyal ak lòt manm plan an. Plan an ap òganize transpòtasyon pou ou nan sant la. Ou dwe genyen 55 an oswa plis ou antre nan PACE.

Sèvis Plan An

Plan an ap garanti tout swen lakay Medicaid ak lòt sèvis swen alontèm. W ap resevwa tout sèvis Medicare ou yo nan plan an tou. Pi ba a se yon lis sèvis Medicaid ak Medicare PACE garanti.

Sèvis swen alontèm Medicaid

Sèvis sante lakay ou (Enfimyè, Asistan Swen Lakay, Espesyalis Nan Tretman ak Egzèsis)

▪ Swen Pèsonèl (Ede ou benyen, abiye ak al fè makèt)

▪ Swen Lajounen Pou Adilt

▪ Swen Sosyal Pandan Lajounen

▪ Swen Nan Mezon Retrèt

▪ Sante Espesyalite

 Zòrèy, Dan, Zye, Pye, Tretman ak Egzèsis

▪ Lòt Sèvis (Repa livre lakay ou, repons pou ijans pèsonèl, transpò nan randevou medikal)

 

Sèvis Medicare

▪ Vizit kay doktè

▪ Swen espesyalite

▪ Vizit nan klinik, entène lopital

▪ Sèvis sante mantal

▪ Radyografi ak lòt sèvis radyoloji

▪ Swen chiwoprakti

▪ Avantaj medikaman Medicare Part D

▪  Sèvis anbilans

Jan Pou Enskri

Rele New York Medicaid Choice pou enskri nan PACE.

Konseye yo ap mande ou si ou vle antre nan yon plan ki mache ak ajans swen lakay la oswa lòt pwofesyonèl swen sante k ap ba ou swen kounye a. Fè yon lis doktè ak lòt kote ou resevwa swen yo nan men ou lè ou rele.

Konseye yo ap konekte ou ak plan ou bezwen an pa telefòn tou.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.