Twa Kalite Plan Swen Alontèm

Genyen twa kalite plan swen alontèm

▪ Program of All-Inclusive Care for the Elderly (PACE)

▪ Medicaid Advantage Plus

▪ MLTC Medicaid Plan

Ki diferans ant twa kalite plan sa yo?

Tout twa kalite plan yo ap ofri swen nan kay ak lòt sèvis swen alontèm ou bezwen. Nan ka PACE ak Medicare Advantage Plus la, ou dwe itilize doktè ki plan an tou, byenke doktè ou genyen deja yo gendwa dakò pou patisipe nan plan an. PACE ofri ou opsyon pou resevwa kèk sèvis lakay ou oswa nan sant swen lajounen ak klinik sante sou plas li yo. Ni PACE ni Medicare Advantage Plus ap peye pou tout sèvis sante Medicare ou yo epi ou kapab jis bezwen peye yon ti kras kòb anplis oswa anyen menm. Li anba a pou wè ki kalite plan ou vle ki baze sou sèvis ou pral jwenn dirèkteman nan plan an. Si ou gen kesyon, rele New York Medicaid Choice.

Èske m ap bezwen itilize plan an lè mwen bezwen ale kay yon doktè oswa nenpòt nan sèvis sante Medicare mwen yo?

MLTC Medicaid Plan: Ak plan sa a, w ap kontinye wè menm doktè ou ale wè kounye a. W ap kontinye itilize kat Medicare oswa Medicare Advantage Plan ou jan ou fè sa kounye a.

Medicaid Advantage Plus: Ak plan sa a, w ap chwazi youn nan doktè yo ki nan plan an pou li kapab Doktè Swen Prensipal (PCP) ou. Ou dwe resevwa tout sèvis sante Medicare ou yo nan plan an.

PACE: Avèk plan sa a, yon ekip doktè, enfimyè, travayè sosyal, nitrisyonis, terapis fizik, langaj ak okipasyonèl ak lòt moun ap travay ansanm pou kreye yon plan swen ki asire ou resevwa tout sèvis swen sante ou bezwen yo. Sèvis yo disponib lakay ou oswa nan sant swen lajounen pou adilt ak nan klinik la. Ou ka ale nan sant la pou patisipe nan aktivite pou jere vi sosyal ak sante ou epi manje ak lòt manm. Plan an ap fè aranjman pou ou wè lòt pwofesyonèl swen sante espesyalite jan sa nesesè epi li pral fè aranjman pou transpò tou. PACE garanti tout sèvis sante Medicare ou yo.

Ki plan k ap pi bon pou mwen?

Dabò, deside ki kalite plan ou vle nan lis ki pi wo a. Jwenn plan an sou bò goch paj sa a epi klike sou li pou aprann plis enfòmasyon sou egzakteman ki sèvis w ap resevwa. Apresa rele New York Medicaid Choice. Konseye nou yo ap di ou ki plan nan zòn ou ki mache ak ajans swen lakay la ak lòt pwofesyonèl swen sante ou genyen kounye a oswa ta renmen genyen lè ou manm plan an.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.