Kisa FIDA-IDD Program ye?

The Fully Integrated Duals Advantage Program (FIDA-IDD, Avantaj Doub Konplètman Entegre Pou Moun ak Andikap Entèlektyèl ak Devlopmantal) se yon pwogram Medicare ak Medicaid pou adilt ki gen andikap entèlektyèl ak devlopmantal.

Avèk FIDA-IDD, ou gen chwa pou resevwa sèvis Medicare ak Medicaid ou yo nan yon sèl plan swen kowòdone ki rele yon plan FIDA-IDD.

Kiyès ki kapab enskri?

Moun ki gen 21 ane oswa plis epi ki:

  • enskri nan Medicare ansanm ak Medicaid
  • kalifye pou Sèvis Office for People With Developmental Disabilities (OPWDD, Biwo Pou Moun ak Andikap Devlopmantal)
  • ap viv nan vil New York, konte Nassau, Suffolk, Westchester, oswa Rockland
     

Kisa FIDA-IDD Plan ye?

FIDA IDD Plan se PHP Care Complete.
Òganizasyon k ap dirije PHP Care Complete la se Partners Health Plan, yon òganizasyon non-komèsyal ki la sèlman pou ede moun ki gen andikap mantal ak lòt pwoblèm pou devlope.
 

Pouki pou mwen enskri?

  • W ap genyen yon ekip swen kowòdone espesyalize ki kreye pou ou menm epi ki konsantre sou ou
  • Ou menm ak ekip swen kowòdone ou ap travay ansanm pou otorize pifò sèvis epi ou p ap oblije tann pou resevwa swen ou bezwen
  • W ap kapab kontakte PHP Care Complete FIDA-IDD Plan oswa yon medyatè endepandan nenpòt lè pou reponn nenpòt kesyon ou kapab genyen
  • Ou pa gen okenn prim, dediktib, oswa kopeman an plis pou sèvis Medicare/Medicaid ou yo lè ou enskri nan FIDA-IDD Plan
  • W ap gen aksè nan ICAN, medyatè endepandan ou
  • W ap bezwen yon sèl kat swen sante epi kat sa a ap mache lè ou ale kay doktè ou, nan famasi ak pou resevwa pifò lòt sèvis

Ki sèvis mwen ap jwenn?

  • Sèvis pou pasyan ki entène ak pa entène, swen espesyalize, avèk atik ak ekipman medikal
  • Ekip Swen Espesyalize
  • Kowòdinasyon Swen
  • Sèvis ak  Sipò Alontèm
  • Swen Pèsonèl
  • Sante Mantal
  • Sèvis OPWDD
  • Swen Dan
  • Famasi
  • Transpò
     

Rele pou antre nan plan an oswa pou jwenn plis enfòmasyon:

Rele New York Medicaid Choice nan nimewo 844-FIDA IDD oswa 844-343-2433. (TTY): 888-329-1541

Ale nan seksyon ki rele 'Feyè ak Lis' sou sitwèb sa a pou li oswa telechaje feyè FIDA IDD a.

 

 

 

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.