Moun Ki Pa Oblije Enskri Nan Yon Plan Sante

Gade yon lis konplè ak moun ki pa bezwen antre nan yon plan oswa pa kapab antre nan yon plan.

Kèk manm Medicaid pa kapab antre nan yon plan paske yo genyen yon bezwen medikal yo oswa pou yon lòt rezon. Moun sa yo 'entèdi'. Gen lòt moun ki pa oblije antre nan yon plan sante, men yo kapab si yo vle. Moun sa yo 'eskize'. Si w gen kesyon, rele New York Medicaid Choice. Konseye yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Rele: 1-800-505-5678. TTY: 1-888-329-1541.

Egzanpsyon

Ou pa oblije enskri nan yon plan sante men ou kapab si ou vle.

  • Endyen Ameriken /Alasken Natif Natal
  • Moun ki rete nan yon sant alontèm Article 819 pou moun ki itilize alkòl oswa dwòg
  • Moun k ap viv nan sant pou moun ki gen pwoblèm ak devlopman
  • Moun k ap resevwa tretman pou yon pwoblèm sante kwonik pou 6 mwa oswa plis nan men yon espesyalis Medicaid ki pa nan yon plan sante Medicaid. (Egzanpsyon sa a limite a yon peryòd 6 mwa epi se pou yon fwa sèlman li ye)
  • Adilt ki nan pwogram egzanpsyon yo: Nursing Home Transition and Diversion (Tranzisyon ak Divèsyon Mezon Retrèt) (NHTD), Office of People with Developmental Disabilities (Biwo pou Moun ak Andikap Devlopmantal) (OPWDD), Traumatic Brain Injury (Chòk Twomatik nan Sèvo) (TBI)

Esklizyon

Ou pa ka enskri an yon plan poutèt bezwen medikal ou oswa lòt rezon.

  • Moun ki nan yon pwogram ospis lè yo ap enskri a
  • Timoun oswa granmoun k ap viv nan sant tretman sikyat  oswa rezidansyèl leta
  • Moun ki pral jwenn Medicaid sèlman apre yo fin depanse nan pwòp kòb yo pou bezwen medikal yo (ka ou depanse avan)
  • Moun ki gen lòt avantaj konplè asirans sante
  • Timoun piti ki genyen manman yo nan prizon
  • Timoun ki avèg oswa andikape epi ki p ap viv ak paran yo pou 30 jou oswa plis
  • Moun ki kalifye sèlman pou sèvis TB
  • Moun ki kalifye pou Medicaid Cancer Treatment Program (Pwogram Tretman Kansè Medicaid): Kansè nan Tete, Kòl Matris, Kolorektal, ak Pwostat (MCTP)

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.