Plis Konsèy Pou Chwazi Yon Plan Sante Alontèm

Tout plan yo ap aranje sèvis swen lakay ou ak swen sante alontèm men tout plan yo pa mache menm jan. Deside kiyès nan de pawòl sa yo ki dekri pi byen sa ou vle. Rele New York Medicaid Choice pou chèche konnen ki plan akote pawòl la ki dekri pi byen sa ou vle.

Mwen pa vle chanje doktè oswa okenn bagay ak sèvis sante Medicare mwen. Mande enfòmasyon sou: Plan MLTC Medicaid

Mwen pa gen pwoblèm pou chanje doktè si mwen oblije.  Li enfòmasyon sou de kalite Plan Swen Alontèm yo. Chwazi sa ou renmen a.   

1. Mwen vle yon plan ki genyen sant lajounen pou adilt ki ofri aktivite sosyal ak kote yon ekip doktè, enfimyè, travayè sosyal ak lòt pwofesyonèl swen sante ap responsab pou swen mwen. Ekip mwen an t ap fè aranjman pou sèvis swen lakay mwen tou. Mande enfòmasyon sou:   Program of All-Inclusive Care for the Elderly (PACE). Ou dwe genyen 55 an oswa plis.  

2. Mwen vle yon plan ki pou swen lakay mwen ak sèvis swen sante Medicare tou. Mwen vle pou Doktè Swen Prensipal mwen nan plan an. Mande enfòmasyon sou Medicaid Advantage Plus.

Sa k ap pase si ou pa chwazi yon plan

Ou dwe chwazi yon plan sante si ou te resevwa yon pake enskripsyon nan men New York Medicaid Choice. LèT ki nan pake ou a ap di ou dwe antre nan yon plan. Si ou pa chwazi yon plan avan dat ki nan lèt ou a, Medicaid ap chwazi yon plan pou ou. Li enpòtan pou ou chwazi!

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.