Jan Pou Fè Chanjman

Kijan ak ki kote ou ka fè chanjman pandan w nan yon Plan Sante oswa Plan Swen Alontèm

Plan Sante

Jan Pou Chanje Doktè Swen Prensipal Ou (PCP)

Ou ka chanje Doktè Swen Prensipal Ou (PCP) si w bezwen. Pou chanje PCP ou, rele Plan Sante w la.

Jan pou chanje plan sante

(Enfòmasyon sa yo pa pou Plan Swen Alontèm yo)

Nan pifò konte nan Eta New York, ou gen de (2) oswa plis plan sante ou ka chwazi pami yo. Ou ka chanje plan sante w nenpòt lè pandan premye 90 jou ou nan yon nouvo plan. Epi tou ou ka chanje plan apre ou gen premye ane konplè ou nan yon plan sante. Epi tou, rezidan Vil New York k ap viv ak VIH oswa ki te chanje sèks yo oswa ki kalifye kòm sanzabri yo kapab transfere nan yon HIV Special Needs Plan nenpòt moman.

Pou chanje plan, rele New York Medicaid Choice. Konseye yo ap ede w chwazi yon plan. Ou ka chanje plan pa telefòn oswa TTY. Èske w anvi chanje plan? Chèche yon plan ki tou pre w.

Plan Swen Alontèm

Jan Pou Chanje Pwofesyonèl Swen Sante

Pale ak Kowòdonatè Swen w  la si w vle fè nenpòt chanjman nan sèvis ou yo, ajans swen lakay ou a oswa lòt kote ki ba ou swen.

Jan pou chanje plan

Ou ka mande pou chanje plan nenpòt ki lè. Si ou vle chanje plan, kontakte plan ou vle antre ladan an. Si w pa fin konnen ki Plan ou vle chwazi, rele New York Medicaid Choice.

Konseye nou yo ap byen kontan ede ou.

Plan ou a dwe kontinye fè aranjman epi peye pou sèvis ou yo jiskaske nouvo plan ou a pran plas li. W ap soti nan plan ou te ye avan an nan fen mwa a.

Enpòtan!

Amwenske ou pa oblije antre nan yon plan, ou dwe nan yon plan pou resevwa sèvis alontèm nan kominote w. Sa gen ladan swen lakay ou, swen sante lajounen adilt, oswa lòt sèvis. Ou p ap ka resevwa sèvis sa yo si w pa nan yon plan. Si ou gen kesyon, rele New York Medicaid Choice.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.