Regleman Sou Vi Prive

Dènye Chanjman: 25 avril 2022

Angajman Maximus nan sa ki konsène Konfidansyalite

Mèsi paske w te vizite sitwèb enskripsyon nan swen jere New York Medicaid Choice la ki opere pa Maximus Health Services (“Maximus,” “Nou,” “Nou”) pou Depatman Sante Eta New York la. Sitwèb sa a, ki sitiye nan adrès https://www.nymedicaidchoice.com/?language=ht, fèt pou rann li pi fasil ak pi efikas pou moun kominike ak pwogram New York Medicaid Choice la. Deklarasyon konfidansyalite sa a regle itilizasyon Sit la. Tanpri li dokiman sa a ak anpil atansyon anvan ou aksed epi itilize Sit la.

Nan konfòmite ak dispozisyon Lwa sou Sekirite ak Konfidansyalite Entènèt nan Eta New York la, Lwa sou Libète Enfòmasyon, ak Lwa sou Pwoteksyon Vi Prive, règleman sa a dekri pratik konfidansyalite konsènan enfòmasyon ki kolekte nan men itilizatè sitwèb sa a. Règleman sa a dekri ki enfòmasyon yo kolekte ak kijan yo itilize enfòmasyon sa yo. Paske règleman sou konfidansyalite sa a aplike sèlman pou sitwèb sa a, ou ta dwe egzamine règleman sou konfidansyalite nenpòt sitwèb, ki enkli lòt sitwèb ajans etatik yo, kote w jwenn aksè nan itilize sitwèb sa a.

Pou rezon règleman sa a, "enfòmasyon pèsonèl" vle di nenpòt enfòmasyon konsènan yon moun fizik, kontrèman ak yon antrepriz, ki, akòz non, nimewo, senbòl, mak pèsonèl, oswa lòt idantifyan, ka itilize pou idantifye moun fizik sa a. Maximus sèlman kolekte enfòmasyon pèsonèl konsènan oumenm lè w bay enfòmasyon sa yo volontèman nan kòmanse yon tranzaksyon sou entènèt.

Konfidansyalite se yon gwo priyorite pou Maximus. Nou pran angajman pou nou kenbe sekirite ak konfidansyalite enfòmasyon w yo. Maximus respekte vi prive w, epi nou te prepare deklarasyon konfidansyalite anba a pou montre w angajman nou anvè oumenm.

Deklarasyon konfidansyalite sa a aplike a:

  • Enfòmasyon nou kolekte sou oumenm
  • Kijan nou itilize enfòmasyon yo
  • Chwa ou genyen sou fason nou kolekte epi itilize enfòmasyon w yo

Deklarasyon konfidansyalite sa a pa aplike a:

  • Pratik konfidansyalite ki asosye ak tout aktivite ki fèt andeyò itilizasyon sitwèb sa a
  • Lòt sitwèb ki pa Sitwèb sa a
  • Lòt Aplikasyon ki pa aplikasyon sa a
  • Pwodui ak sèvis ki pa disponib oswa aktive atravè sitwèb sa a

Enfòmasyon nou Kolekte Otomatikman Lè ou Vizite Sitwèb Sa a

Cookies, Siyal “Do Not Track”, ak Adobe Analytics

Dezaktive Cookiesi ak Adobe Analytics  

Do Not Track

Enfòmasyon Nou Kolekte

Fason Nou Itilize epi Pataje Enfòmasyon Nou Kolekte yo

Enfòmasyon Nou Kenbe

Sekirite

Delè Ekspirasyon Sitwèb la

Timoun

Revize epi Korije Enfòmasyon W yo

Avi Non- Responsablite sou Enfòmasyon

Chanjman nan deklarasyon konfidansyalite sa a

Fason pou Kontakte Nou:

 

Enfòmasyon ki Kolekte Otomatikman Lè W Vizite Sitwèb sa a   <anlè paj la>

Sèvè entènèt nou an otomatikman kolekte epi anrejistre done itilizasyon entènèt lè w vizite sitwèb la. Enfòmasyon sa yo kolekte nan non Depatman Sante Eta New York la. Enfòmasyon sa yo, ki enkli adrès Pwotokòl Entènèt ou (IP), sitwèb ki te voye w sou sit la, paj ou te vizite yo, tip navigatè a, sistèm esplwatasyon òdinatè w la, vitès CPU òdinatè w la, pajwèb referans nan ak soti sou Sit nou an, ak kantite tan ou te fè ap gade Sit nou an, ede nou konprann fason vizitè yo itilize Sit la ak fason yo navige li. Okenn nan enfòmasyon sa yo pa konsidere kòm enfòmasyon pèsonèl. Enfòmasyon sa yo kolekte pou rezon analiz estatistik, pou detèmine ki enfòmasyon ki prezante plis ak mwens enterè pou itilizatè nou yo, epi pou amelyore itilite materyèl ki disponib sou sitwèb la. Enfòmasyon pa kolekte pou rezon maketing komèsyal epi Maximus pa otorize pou vann oswa otreman divilge enfòmasyon yo kolekte nan sitwèb la pou rezon maketing komèsyal. Maximus pral kolekte enfòmasyon anlè yo nan vizit ou a sou sitwèb la sèlman pou rezon sa yo ak pou rezon ki gen rapò ak sèvis nou bay nan non Depatman Sante Eta New York la.

Cookies, siyal “Do Not Track” ak Adobe Analytics <anlè paj la>

Menm jan ak pifò sitwèb, nou itilize "cookies," "web beacons," ak aparèy menm jan ak yo pou ede w itilize sitwèb la ak plis efikasite epi trake aktivite w yo. Yon cookiei se yon ti kantite done ki transfere nan navigatè w la pa yon sèvè entènèt epi li kapab sèlman li pa sèvè ki te ba ou li a. Li fonksyone tankou yon kat idantifikasyon epi li pèmèt Maximus anrejistre aktivite ak preferans ou yo. Li pa ka egzekite sou fòm kòd epi transmèt okenn viris. Yon Web beacon se yon ti imaj GIF transparan ki entegre nan yon paj HTML oswa yon imel yo itilize pou konnen lè paj oswa imel la te gade. Maximus itilize cookies ak aparèy menm jan ak yo pou trake itilizasyon sitwèb la, tip Pwodui ak Sèvis ou gade, ak enfòmasyon telechaje, epi pou konte kantite vizitè nou resevwa chak jou. Sèvè wèb nou yo anrejistre otomatikman IP/adrès Entènèt òdinatè w la. Maximus pa pèmèt itilizasyon cookies ki pèsistan.

Sitwèb nou an itilize Adobe Analytics. Adobe Analytics pa idantifye okenn itilizatè endividyèl ni li pa asosye adrès IP w ak lòt done Adobe Analytics genyen. Nou itilize rapò Adobe Analytics ban nou yo pou konprann trafik sitwèb la ak itilizasyon pajwèb la. Ou ka gade deklarasyon konfidansyalite Adobe Analytics la ki nan Adobe Privacy Center a la a.

DezaktiveCookies ak Adobe Analytics <anlè paj la>

Si w pa vle navigatè w la aksepte Cookies, ou ka chanje opsyon pou Cookies yo nan paramèt navigatè w la. Sepandan, kèk karakteristik sitwèb oswa sèvis ka pa fonksyone byen oswa yo ka aksesib san Cookies.  Pou jwenn plis enfòmasyon sou fason pou dezaktive trakeCookies Adobe Analytics yo, tanpri gade Règleman ki lye ak Cookies Adobe Analytics yo la a ak Adobe Privacy Choices, ki enkli Opt Out, la a.

Pa Trake<anlè paj la>

"Do not Track" se yon preferans ou ka mete nan navigatè entènèt ou a pou fè sitwèb ou vizite yo konnen ke ou pa vle yo kolekte enfòmasyon sou ou. Sitwèb sa a pa reponn kounye a yon "Do Not Track" oswa siyal menm jan ak li yo.

Enfòmasyon Nou Kolekte <anlè paj la>

Pou ka itilize kèk nan karakteristik sitwèb sa yo, yo ka mande w pou bay enfòmasyon pèsonèl.  Pou rezon deklarasyon sa a, "enfòmasyon pèsonèl" vle di tout enfòmasyon ki konsène yon moun fizik ki, akòz non, nimewo, senbòl, mak, oswa lòt idantifyan, ka itilize pou idantifye moun fizik sa a. Maximus pa kolekte okenn enfòmasyon pèsonèl sou ou atravè sitwèb sa a sof si ou bay enfòmasyon sa yo volontèman.

Ou bay enfòmasyon pèsonèl volontèman lè w enskri oswa tcheke ka w la nan itilize sitwèb sa a. Nou idantifye klèman done ou dwe bay yo pou nou ka bay sèvis oswa enfòmasyon ou te mande yo. Maximus ka mande w pou bay oswa verifye enfòmasyon pèsonèl ki anba yo; lis la pa konplè:

  • Prenon
  • Siyati
  • Dat Nesans
  • Nimewo ID Benefis Eta New York
  • Nimewo Ka a
  • Adrès imel

Pandan vizit ou nan sitwèb la, ou ka fè yon tranzaksyon tankou enskri nan yon plan sante oswa tcheke estati ka w la. Maximus itilize enfòmasyon, ki enkli enfòmasyon pèsonèl, ke ou bay volontèman, pou opere pwogram New York Medicaid Choice la, ki enkli dispozisyon byen, sèvis ak enfòmasyon.

Maximus genyen règleman pou pwoteje konfidansyalite enfòmasyon pèsonèl li jwenn pandan l ap fè travay nòmal li. Deklarasyon konfidansyalite Maximus yo respekte yon seri nòm pou pwoteje konfidansyalite a, pou entèdi divilgasyon ke lalwa pa otorize yo epi pou limite fason aksè nan enfòmasyon pèsonèl (tankou nimewo sekirite sosyal ak nimewo idantifikasyon Medicaid). Maximus mete sou pye kèk mezi fizik, teknik ak administratif pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl yo.

Fason Nou Itilize epi Pataje Enfòmasyon Nou Kolekte yo <anlè paj la>

Chwazi pou bay Maximus enfòmasyon pèsonèl, ke nou mande l ke nou pa mande l, reprezante konsantman pou koleksyon ak pataj enfòmasyon yo ak Depatman Sante Eta New York la pou menm rezon ou te pataje enfòmasyon yo ak Maximus.

Eksepte jan sa endike anba a oswa jan lalwa otorize sa, Maximus pral sèlman kolekte oswa divilge enfòmasyon pèsonèl atravè sitwèb sa a si ou te dakò ak koleksyon oswa divilgasyon enfòmasyon pèsonèl sa a. Maximus ka kolekte oswa divilge enfòmasyon pèsonèl san konsantman w si li:

  • nesesè pou fè devwa legal nou yo jan lalwa otorize li a, oswa otorize pa yon lwa oswa règleman etatik oswa federal
  • pou konfòme nou ak yon pwosedi legal valid tankou yon manda pou fouye, sitasyon pou prezante, oswa òdonans tribinal

Maximus gendwa divilge enfòmasyon pèsonèl yo tou bay otorite federal ak/oswa etatik ki fè aplike lalwa pou fè respekte dwa li kont aksè san otorizasyon oswa tantativ aksè san otorizasyon nan resous enfòmatik Maximus yo.

Maximus ka divilge enfòmasyon pèsonèl bay ajan li yo, afilye yo, ak soutretan yo pou pèmèt yo fè sèten fonksyon ki gen rapò ak tranzaksyon New York Medicaid Choice ou a.

Maximus pa pataje enfòmasyon pèsonèl ou ak twazyèm pati ki pa afilye. Nou ka itilize enfòmasyon w yo pou amelyore kontni, navigasyon, ak efikasite sitwèb la.

Koleksyon enfòmasyon atravè sitwèb sa a ak divilgasyon enfòmasyon sa yo soumèt anba dispozisyon Lwa Health Insurance Portability and Accountability Act (HIPAA) (Lwa Piblik 104-191). Pou konnen plis sou Enfòmasyon Sante Prive, vizite HHS.gov.

Anplis, divilgasyon enfòmasyon an, ki enkli enfòmasyon pèsonèl, kolekte atravè sitwèb sa a, soumèt anba dispozisyon Lwa sou Sekirite ak Konfidansyalite Entènèt la, Lwa sou Pwoteksyon Vi Prive Eta New York ak Lwa sou Libète Enfòmasyon Eta New York la.  

Pou ka fè sit entènèt sa a pi bon pou ou, nou ka itilize epi pataje (ak lòt moun) enfòmasyon agreje oswa anonim (ki pa idantifye w pèsonèlman) ke nou te kolekte baze sou done itilizasyon, sondaj, oswa enfòmasyon estatistik ke nou te konpile sou itilizatè nou yo.

Enfòmasyon Nou Konsève <anlè paj la>

Maximus konsève enfòmasyon ki kolekte atravè sitwèb sa a, ki enkli enfòmasyon pèsonèl ou soumèt lè w enskri nan yon plan sante, jan kontra nou ak Depatman Sante Eta New York la egzije sa. Pou konnen plis sou règ konsèvasyon enfòmasyon w yo, tanpri voye kesyon w yo pa lapòs nan enfòmasyon kontak ki anba yo.

Sekirite <anlè paj la>

Maximus pran gwo angajman pou l pwoteje enfòmasyon pèsonèl li kolekte atravè sitwèb sa a kont tout aksè, itilizasyon oswa divilgasyon yo san otorizasyon. Maximus limite aksè anplwaye nan enfòmasyon pèsonèl yo kolekte atravè sitwèb sa a sèlman anplwaye sa yo ki bezwen aksè nan enfòmasyon yo pou fè travay ofisyèl yo. Anplwaye ki gen aksè nan enfòmasyon sa yo suiv yon seri pwosedi ki apwopriye pou divilgasyon enfòmasyon pèsonèl yo.

 

Maximus itilize divès mezi sekirite teknolojik ak pwosediral pou pwoteje enfòmasyon pèsonèl nou kolekte atravè sitwèb la kont pèt, move itilizasyon, modifikasyon, oswa destriksyon. Nou te dokimante Règleman Sekirite Enfòmasyon ak Konfidansyalite pou adrese pwoteksyon done yo. Nou bay anplwaye nou yo regilyèman fòmasyon sou sekirite enfòmasyon ak sansiblizasyon nan konfidansyalite. Sepandan, ou ta dwe konnen ke akòz karaktè ouvè ak non sekirize entènèt la, Maximus pa kapab responsab pou sekirite transmisyon enfòmasyon pèsonèl sou entènèt. Nou te prepare yon plan fòmèl repons nan ensidan nan ka ta gen yon vyolasyon done.

Pou pwoteje kominikasyon w atravè sitwèb la, nou otantifye, siveye, verifye, epi chifre aktivite. Ou ka konnen si yon sit sekirize nan gade chan kote adrès li make a (URL). Si URL la kòmanse ak https:// (olye li kòmanse ak http ://), sa vle dokiman an soti sou yon sèvè sekirize. Sa vle di ke moun ki pa otorize pa ka li oswa dechifre enfòmasyon ki idantifye w pèsonèlman yo. Sa fè pati angajman nou pran pou pwoteje enfòmasyon w yo. Tanpri, sonje ke, malgre efò nou yo nan sans sa a, pa gen okenn mezi ki ka garanti sekirite a nètale. Si w itilize sistèm sa a, sa montre ke ou bay konsantman w pou siveyans ak kontwòl sa yo.

Delè Ekspirasyon Sitwèb <anlè paj la>

Pou rezon sekirite, sesyon URL ou an sou entènèt lè w ap itilize karakteristik "Enskri sou entènèt la" pwograme pou li fini apre trant (30) min it inaktivite itilizatè a.

Timoun <anlè paj la>

Maximus detèmine pou l respekte nètale lwa ki rele Children's Online Privacy Protection Act. Menm si paran yo lib pou itilize sitwèb sa a nan non pitit yo, nou pa dirije sit sa a bay timoun yo oswa nou pa kolekte tout espre enfòmasyon pèsonèl nan men timoun. Nou kontan travay ak paran ak gadyen yo pou efase, nan dosye nou yo, enfòmasyon pèsonèl ke yon timoun ka mal divilge sou sitwèb sa a. Maximus apresye kowoperasyon w pou nou respekte egzijans sa a ki soti nan gouvènman federal la.

Revizyon ak koreksyon enfòmasyon w yo <anlè paj la>

Nou eseye kenbe enfòmasyon ki konsène w yo egzat epi ajou.

Pou jwenn aksè epi korije enfòmasyon demografik ak kalifikasyon pou Medicaid, endividi yo dwe kontakte biwo Sèvis Sosyal Distri Lokal yo.  Pou jwenn aksè nan epi korije enfòmasyon konsènan enskripsyon nan yon plan sante, endividi yo ta dwe rele New York Medicaid Choice.

Sof si lalwa di otreman, nenpòt itilizatè ka soumèt yon demann bay ofisye konfòmite nan Depatman Sante Eta New York la pou detèmine si enfòmasyon pèsonèl ki gen rapò ak itilizatè sa a te kolekte atravè sitwèb sa a. Tout demann konsa dwe fèt alekri epi yo dwe mache ak prèv idantite rezonab itilizatè a. Prèv idantite rezonab ka enkli verifikasyon yon siyati, enklizyon yon idantifyan ke sèl itilizatè a jeneralman konnen, oswa idantifikasyon apwopriye ki sanble ak li. Adrès ofisye ki responsab pou fè respekte konfidansyalite a se:

New York State Department of Health
Corning Tower, Room 2364
Albany, New York 12237-0044

Sof si lalwa di otreman, nan yon delè senk (5) jou biznis apre ou te resevwa yon demann ki kòrèk, ofisye ki responsab pou fè respekte konfidansyalite a dwe bay aksè nan enfòmasyon pèsonèl; refize aksè alekri, ki esplike rezon ki fè yo refize li a; oswa rekonèt ke li te resevwa demann nan alekri epi endike dat apwoksimatif li pral aksepte oswa refize demann nan, dat ki pa dwe plis pase trant (30) jou apre dat li rekonèt li te resevwa demann nan.

Nan ka kote Depatman Sante Eta New York la te kolekte enfòmasyon pèsonèl konsènan yon itilizatè atravè sitwèb ajans etatik la epi yo dwe bay itilizatè a apre demann itilizatè a, ofisye pou fè respekte konfidansyalite a dwe enfòme itilizatè a sou dwa li genyen pou mande pou enfòmasyon pèsonèl la amande oswa korije dapre pwosedi ki etabli nan HIPAA ak nan Seksyon 95 (Aksè nan Dosye) Lwa sou Ofisye Piblik yo, sof si lalwa prevwa otreman.

Pou plis enfòmasyon, ou ka kontakte Maximus nan adrès ki anba a. Tanpri gade nan seksyon sou "Kijan pou Kontakte Nou"

Avi non-responsablite<anlè paj la>

Enfòmasyon nou bay sou sitwèb sa a la pou pèmèt piblik la gen aksè rapid nan enfòmasyon piblik. Menm si nou fè tout sa nou kapab pou enfòmasyon yo soti egzat, ajou epi fyab, Maximus rekonèt posiblite pou gen erè imen ak/oswa mekanik. Kidonk, Maximus, anplwaye, dirijan ak ajan li yo pa fè okenn deklarasyon kòmkwa enfòmasyon ki sou sitwèb sa a ta egzat, konplè, ajou oswa apwopriye, epi nye tout garanti eksprime oswa enplisit sou sa.

Chanjman nan deklarasyon konfidansyalite sa a <anlè paj la>

Nou pral mete deklarasyon konfidansyalite sa a ajou detanzantan. Lè nou fè sa, nou pral revize dat "Dènye Mizajou a" ki nan tèt deklarasyon konfidansyalite a. Tanpri tcheke sitwèb la detanzantan pou dènye vèsyon deklarasyon konfidansyalite a. Itilizasyon kontinyèl ou de sitwèb la apre nou fin enfòme w sou chanjman yo (jan sa dekri anlè a) vle di ke ou aksepte chanjman yo.

Fason pou Kontakte Nou <anlè paj la>

Si w gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan revizyon ak koreksyon Enfòmasyon w yo, tanpri kontakte nou pa mwayen:

Nimewo telefòn gratis: 1-800-505-5678 (TTY: 1-888-329-1541)

 

Lapòs:
Maximus/New York Medicaid Choice

Attn. NYMC Call Center Department

New York Medicaid Choice

P.O. Box 5016

New York, NY 10274

 

Si w gen nenpòt kesyon oswa enkyetid konsènan deklarasyon konfidansyalite nou an, tanpri kontakte nou pa mwayen:

Imel: PrivacyOfficial@Maximus.com

Lapòs:
Maximus Privacy Official Office
1891 Metro Center Drive
Reston, VA 20190 USA

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.