Jan Pou Enskri
Twa Fason Byen Fasil Pou Enskri
Enskri vle di ou bay non w epi w chwazi
1. Pa Telefòn
Enskri pa telefòn oswa TTY.
Si w ap enskri nan yon Plan Sante: Rele 1-800-505-5678. TTY: 1-888-329-1541
Si w ap enskri nan yon Plan Alontèm: Rele 1-888-401-6582. TTY: 1-888-329-1541
2. Sou entènèt
Klike sou Enskri nan meni ki sou bò goch ou a
Ou kapab antre nan yon plan sante Medicaid sou sitwèb sa a. Ou pa kapab antre nan yon Plan MLTC sou entènèt.
Pou enskri sou entènèt, pran Nimewo Dosye ou. W ap jwenn nimewo sa a sou lèt enskripsyon New York Medicaid Choice ou a.
Apre ou chwazi yon plan, ranpli yon fòm sante senp. Fòm sa a pral ede nouvo plan ou an konprann ou genyen pou swen. Ou pa bezwen ranpli fòm enskripsyon an sou entènèt.
3. Pa Lapòs
Ranpli epi siyen Fòm Chwa Plan Sante ou te resevwa nan men New York Medicaid Choice la. Retounen fòm ou a pa lapòs nan anvlòp pre-peye nou te voye ak fòm nan.
Reach Us
1-800-505-5678
1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)
TTY 1-888-329-1541
Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.
Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.
Asistans Rapid
Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.