Ki Dwa Mwen Genyen?

Kòm manm yon plan sante, ou gen sèten dwa ki pwoteje kalite swen ou resevwa nan plan sante oswa plan swen alontèm ou a. Ou gen sèten responsablite tou. Si w ap enskri nan yon Plan Swen Alontèm, gade yon lis ak tout dwa ak responsablite ou yo. Li pi ba a pou aprann dwa ou kòm  manm yon plan sante.

Manm Plan Sante

Manm Plan Sante yo genyen sèten dwa, tankou dwa pou:

  • Chwazi Doktè Swen Prensipal (PCP)
  • Jwenn yon randevou avan 24 èdtan pou swen ijan ak avan 48 a 72 èdtan pou swen woutin
  • Resevwa yon dezyèm opinyon konsènan sèten kondisyon medikal nan men yon lòt doktè nan plan ou an
  • Tout enfòmasyon sou swen sante ou rete konfidansyèl
  • Pote plent sou sèvis ou yo bay plan sante a, Depatman Sante Eta a oswa New York Medicaid Choice
  • Mande yon pwosè san patipri si plan ou an refize, kanpe, oswa redwi tretman ak sèvis ou sipoze resevwa. Nan yon jijman san patipri, Pwogram Medicaid la ap tande ka ou a epi pran yon desizyon. Pou aprann plis enfòmasyon sou jijman san patipri yo, rele New York Medicaid Choice.

Ou gen sèten responsablite tou, tankou:

  • Fè plan ou a konnen nenpòt pwoblèm ou kapab genyen ak doktè oswa sèvis ou yo.
  • Resevwa sèvis swen sante nan men pwofesyonèl ki fè pati plan sante w la
  • Fè plan ou a konnen nenpòt sèvis ou te resevwa nan sal dijans yon lopital ki pa fè pati plan sante w la.

Reach Us

1-800-505-5678

1-888-401-6582
(Sèvis kliyan pou swen alont1&m)

TTY 1-888-329-1541

Lendi-Vandredi
8:30 a.m. - 8:00 p.m.

Samdi
10:00 a.m. - 6:00 p.m.

Asistans Rapid

Ou gen kesyon? Nou la pou ede. Konseye nou yo ap byen kontan reponn kesyon ou yo. Epi tou nou ka ede w chwazi yon plan pa telefòn. Nou pale tout lang.